Vaudou-Vie
Vodou Ayisyen an soti nan plizye nasyon,
tankou Kongo, Ibo, Dawomen, Nago, ak lot nasyon. Vodou genyen tou, rasin
Iwopeyan, komsi kwayans Katolik, ak seten lwa tankou Gran Brijit. Ak
tout sa, genyen nan Vodou kek kwayans ki soti nan pep orijinal, moun Tayino ak Arawak.Vodou Ayisyen se yon relijyon riche, avek yon teyoloji sofistike ak yon vi seremonyal byen bel, byen chaje ak significans. Pou diskite tout sa ki genyen nan Vodou ap pran tan, kidonk paj sa ap grandi pazapa.
Sa ki pi esentiel nan Vodou a se Bondye. An Ayiti, yon Vodouizan pa jamn di konsa, nap we demen, san li pa di tou, si Bondye vle. Gen anpil chante pou Bondye nan Vodou, gen seremoni tankou Aksyon de Gras ak lot seremoni, ki pou Bondye.
Apre Bondye se lwa yo. Gen plizye tip de lwa. Gen lwa Rada, lwa Petro, lwa lanmò yo tankou Baron, Gran Brijit, ak lwa Gede yo. Lwa Rada gen rasin nan tradisyon Dawomen ak Nago, lwa Petro gen rasin nan tradisyon Kongo ak lot gwoup Afriken. Lwa Mo yo gen manb nan tout nasyon sou te, paregzanmp Gran Brijit ki soti nan Anglete.
Gen lot kategori lwa, tankou lwa Danti, ki se lwa ansyen moun, moun aye lontan lontan. Gen lwa Bizango, ki sevi nan rit Sanpwel, ki la pou mete lod kote pa gen bon polis.
Chak lwa gen karakte ak manye pa l. Lwa La Siren abode tout moun tankou yon maman ke plen dafeksyon. Lwa Ogoun kap mande rum pou bwe, lwa Ti-Jean Petro gen dwa danse ak dife. An jeneral lwa pa maltrete moun, jouwe moun, egzije moun. Lwa konn chante, danse, manje. Lwa ap repon keksyon, lwa kap bay konsey, lwa kap eseye geri pwoblem nan ko moun. Lwa fe ke moun kontan. Si yon moun ta pran poz li gen lwa, epi lwa sa al jouwe elmi moun sa, sa pa lwa.
Lwa Ginen : se lwa ki soti Afrik ki vini Ayiti. Le pli souvan lwa sa yo pasifik, yo pa fè anpil dega.
KALANDRIYE FÈT RELIJYON VODOU
DAT MWA SEREMONI
2-4 Janvye Kase Gato
25 Janvye Manje Tèt Dlo
16 Mas Loko Davi
19 Mas Legba/Sen Jozèf
20 Mas Legba Zawou/Sen Lwi Klèmèy
27 Avril Dan Wè Zo
29 Avril Kase Kannari/Wet Mò nan Dlo
30 Avril Manje Lè Mò
12 Me Manje pou divès Lwa
18 Me Manje pou Grann Aloumandya ou Grann Sentàn
20-21 Me Simbi Blan
24 Jen Sen Jan
28 Jen Madan Ginen Sovè
25 Jiyè Papa Ogoun/Sen Jak Majè
26 Jiyè Grann Delai ak Grann Aloumandya
29 Jiyè Mètrès Silverin/Mètrès Lòvana
25 Out Dan Wè Zo/Sen Lwi Wa Frans
29 Out O Dan Loryan
25 Septanm Lwa Wangòl Mousondi
29 Septanm Manman Aloumandya
30 Septanm Mètrès Delai
30-31 oktòb Agawou/Chante Mès
25 Novanm Manje Yanm
10 Desanm Ganga-Bwa
25 Desanm Beni Nwèl-Sakrifis pou Kaplawou

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire